Plizyè sitwayen nan Vilaj de Dye manifeste pou denonse lapolis ki kraze kay yo

haitinewstv.com

Plizyè sitwayen nan Vilaj de Dye manifeste pou denonse lapolis ki kraze kay yo

Depi samdi 12 desanm 2020 an, plizyè inite espesyalize nan PNH la, sou lòd chèf polis la, Léon Charles, tabli baz yo nan Vilaj de Dye pou kapab deloje bandi yo epi retabli lapè nan rantre Sid kapital la. Se 2e operasyon fòs lòd yo mennen, aprè yon premye operasyon ki pat bay gwo rezilta.

Lapolis kraze plizyè kay nan vilaj la, ki se kachèt nèg ak zam, daprè kèk sous. Plizyè sitwayen te foule beton an jodi lendi 14 desanm nan pou denonse konpòtman lapolis, ki daprè yo menm, kraze kay yo pou anpeche yo rete nan Vilaj la.

Tout moun gran moun nan Vilaj de Dye. Se nou menm k ap bat dlo pou fè bè. Prezidan an te di l ap met manje nan asyèt nou, li pa fè anyen pou nou. Se pou Jovenel bay talon l pou pèp la ka viv”, deklarasyon yon sitwayen nan zòn nan.

N ap raple lapolis la poko bay okenn bilan pou 2e operasyon sa yo mennen anndan vilaj la. Daprè chèf polis la se pou lapè ka retounen nan antre Sid kapital la.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Tantativ kidnaping Dèlma 33: yon biznismann manke mouri

Zèfèyis yo eseye kidnape yon biznismann byen bonè maten samdi 25 jiyè 2026 la nan Dèlma 33, toupre Lopital Inivèsitè

7 nouvo Lise Nasyonal louvri nan peyi d Ayiti

Ministè Edikasyon Nasyonal anonse louvèti 7 nouvo lise nasyonal nan plizyè depatman nan peyi a. Nouvo etablisman yo se lise

Kidnaping : aparèy Leta a pran gwo frap dènye jou

Aprè Pwofesè Boyer ak Pwofesè Télémaque, se yon lòt kad nan Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn ki tonbe anba men

Keegan Harricharan pral pase 20 lane nan prizon pou asasina

Yon tribinal federal Ozetazini kondane Keegan Harricharan, 42 lane, a 20 ane prizon pou konplo ak blanchiman lajan. Daprè Depatman

WANAMENT | OAVCT ak PNH lanse ofansiv kont motosiklèt ilegal.

Anviwon 150 motosiklèt san plak ak asirans sezi jedi 23 jiyè 2026 pandan yon operasyon OAVCT ak PNH nan Wanament.

Contact Us