Bandi kidnape 2 jèn gason nan Leyogàn, epi ekzije 1 milyon dola ameriken pou libere yo

haitinewstv.com

Bandi kidnape 2 jèn gason nan Leyogàn, epi ekzije 1 milyon dola ameriken pou libere yo

Bandi kidnape epi sekestre yon jèn gason ki gen 24 lane, Stanley Grégoire D’Haïti, ak yon lòt ki gen plis laj pasel, Thomas Gestimé, nan lannwit jedi 10 desanm 2020 an nan komin Leyogàn. Ravisè yo pat pran tan pou kontakte fanmi mesye yo, epi ekzije 1 milyon dola ameriken pou libere yo.

Nan moman zak kidnapin sa t ap fèt la, ravisè yo te gen sou yo inifòm lapolis administratif, epi yo te ame jouk nan dan. Mesye yo te gen yon machin zoreken ak yo, daprè temwen ki te asiste sèn nan.

Stanley Grégoire D’Haïti se pitit yon machann kafe nan stasyon bis Leyogàn nan. Stanley Grégoire fèk gen yon ti moun, se kòb l ap chèche pou fè batèm ti moun sa, daprè yon frè li, Vladimir Occiné. Thomas Gestiné bò kote pal ap konte jou poul gen yon ti moun. « Mwen gen manman, mwen pa gen papa« , se deklarasyon, Angelica Dominique ki se madanm Thomas.

N ap raple pa gen yon jou ki pase nan peyi a, pou plizyè ka kidnapinn pa rive fèt. Otorite yo fayi a misyon yo, malgré yo pa sispann pwomèt y ap travay pou sitiyasyon an amelyore.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Pòdepè, 30 prizonye sove, 5 mouri, 2 polisye arete

Daprè enfòmasyon komisè gouvènman Pòdepè a bay maten an sou radyo, se 30 prizyone ki chape poul yo vandredi 3

Baz Gran Grif nan Latibonit detounen 6 ti bis, plizyè

Nan jounen 1e me 2024 la, bandi k ap opere nan baz Gran Grif nan Latibonit detounen 6 ti bis

Glisman tèren nan vil Okap, pi piti 11 moun mouri

Bilan pasyèl yo deja prezante pou pi piti 11 mò daprè enfòmasyon responsab yo bay nan fen jounen an. Pi

Viv Ansanm pote boure sou Solino ak Dèlma 24

Anpil kout bal chante nan divès kwen nan Pòtoprens pou premye jou nan mwa me a nan aswè a. Moun

Lapolis pa sispann mare moun nan dwàn Okap la ki

Lapolis Nasyonal d Ayiti nan tèt kole ak ajan dwanye yo nan vil Okap mare kou krab Jacques Joseph lendi

Contact Us