Joseph Jouthe mande arete tout teworis “Fantom 509” yo

haitinewstv.com

Joseph Jouthe mande arete tout teworis “Fantom 509” yo

Premye minis Joseph Jouthe mande arete tout polisye “Fantom 509” yo, daprè li menm, ki se vagabon, teworis epi bandi ki gen inifòm polis nasyonal la sou yo k’ap teworize peyi a. Yon deklarasyon ki vini aprè yon ènyèm sòti Fantom 509 nan kèk ri nan kapital la.

Jodi a m’ap lanse yon apèl pou gen tolerans. Nou p’ap ka tolere vagabon, teworis ak inifòm lapolis ki pran peyi a an otaj“, deklarasyon chèf CSPN nan ki kontinye pou li di: “Nenpòt bandi nenpòt koulè rad ki sou li, fòk li fouke”.

Lokatè Primati a fè konnen Leta poko gen mwayen pou l’ fè ti kat polisye yo sòti nan 10 000 pou rive nan 25 000 g. Premye minis lan montre plen lòt kategori sosyal tankou medsen, enfimyè, oksilyè ak pwofesè ki poko ka jwenn ogmantasyon ak avantaj yo merite paske leta poko gen mwayen pou sa.

N’ap souliyen koze ti kat sa poze tèlman pwoblèm anndan polis nasyonal la, li ta pral pouse Rameau Normil jwenn revokasyon li. Daprè Joseph Jouthe ki te bay yon entèvyou ak jounal “Le Nouvelliste”, ansyen direktè a, san konsiltasyon pèsonn, te deside fè pase frè ti kat polisye yo sòti 10 000 goud rive nan 20 000 goud.

N’ap raple se pa premye fwa manm ekzekitif la trete polisye Fantom 509 yo teworis, yon deklarasyon ki pa anpeche eleman sa yo kontinye fè pase revandikasyon nan jan ki fè yo plezi.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Gang yo antre pliske 100 milyon dola sou wout fwontè

Selon Alfred Métellus ki se minis Ekonomi ak Finans, gang nan peyi d Ayiti yo rive ranmanse anviwon 100 milyon

Pèp la ap mouri, konsèy la kontinye ap simaye djòb

T gen yon konsèy minis ki te òganize ayè mèkredi 30 avril 2025 lan, se pat pou pale de ensekirite

Lapolis lage plizyè dwon sou bandi yo nan komin Kenskòf

Byen bonè nan maten jedi 1e me 2025 sa a, te gen gwo afwontman ant Lapolis ak gang pye sal

Arnel Belizaire Anba Kòd nan Sidès Peyi a

Lapolis nan depatman Sidès, espesyalman nan Jakmèl mete anba kòd ansyen prizonye ak ansyen depite Arnel Bélizaire. Selon premye eleman

Etazini sou wout pou mete gang Ayiti yo sou lis

Administrasyon Trump lan pataje entansyon li genyen ak kongrè ameriken an pou l ta deziye tout gang an Ayiti yo

Contact Us