Ijan : DG Léon Charles fè gwo chanjman nan wo kòmandman PNH la

haitinewstv.com

Ijan : DG Léon Charles fè gwo chanjman nan wo kòmandman PNH la

Nouvo direktè Polis nasyonal Dayiti a (PNH), Léon Charles, fè gwo chanjman nan wo kòmandman enstitisyon polisyè a jodi vandredi a, sòti nan pòs Direktè depatmantal Lwès (DDO) pou bout nan Direksyon santral PNH la.

Nan prezans plizyè wo grade, premye minis ayisyen an Joseph Jouthe te prezide enstalasyon sila yo ak tit Prezidan Konsèy siperyè lapolis nasyonal la (CSPN).

Antou 13 wo grade tankou enspektè jeneral, komisè divizyonè ak komisè prensipal afekte nan lòt fonksyon. Frantz Jean François vin ranplase enspektè jeneral an chèf Hervé Julien, enspektè jeneral Carl Henry Boucher nonmen Direktè ransèyman Jeneral yo (DRG) ak kowòdonatè Direksyon Depatmantal yo. Komisè divizyonè Marc Justin pran kòmand Direksyon santral Polis administratif la (DCPA), li ranplase nan pòs sila Berson Soljour, epi Enspektè jeneral Jean Yves Muscadin transfere nan Akademi polis la.

Toujou nan kad enstalasyon yo, Komisè divizyonè Auguste vin nou responsab kominikasyon, epi Ernst Bouquet vin nouvo Komisè Brigad Entèvansyon Motorize (BIM), li ranplase nan pòs sila Jean René Pierre François.
Aktyèl Direktè Depatmantal Lwès la (Jean Alex Pierre Louis) vin asistan nan Direksyon santral polis administratif la epi Cetoute Clenvens pran kontwòl UDMO. Pou fini ansyen komisè polis Petyonvil la, Paul Ménard Jean Louis, vin nouvo Direktè Depatmantal lwès (DDO).

Pooshy Rosana

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Gang yo antre pliske 100 milyon dola sou wout fwontè

Selon Alfred Métellus ki se minis Ekonomi ak Finans, gang nan peyi d Ayiti yo rive ranmanse anviwon 100 milyon

Pèp la ap mouri, konsèy la kontinye ap simaye djòb

T gen yon konsèy minis ki te òganize ayè mèkredi 30 avril 2025 lan, se pat pou pale de ensekirite

Lapolis lage plizyè dwon sou bandi yo nan komin Kenskòf

Byen bonè nan maten jedi 1e me 2025 sa a, te gen gwo afwontman ant Lapolis ak gang pye sal

Arnel Belizaire Anba Kòd nan Sidès Peyi a

Lapolis nan depatman Sidès, espesyalman nan Jakmèl mete anba kòd ansyen prizonye ak ansyen depite Arnel Bélizaire. Selon premye eleman

Etazini sou wout pou mete gang Ayiti yo sou lis

Administrasyon Trump lan pataje entansyon li genyen ak kongrè ameriken an pou l ta deziye tout gang an Ayiti yo

Contact Us