Wensleylove Joseph, yon prezime chèf gang e ki se an menm tan alye Mikanò jwenn arestasyon l nan komin Ansdeno nan depatman Grandans jounen dimanch 22 novanm 2026 la. Lè nouvèl la tonbe a, popilasyon an te panse se Mikanò lapolis te pran, yo te kouri ale devan komisarya a. Yo deja transfere towo a nan SDPJ pou l kapab reponn kesyon sou rapò l ak Viv Ansanm, an patikilye teworis ki rele Mikanò a.
N ap raple depi nan fen semèn sa a, anpil bri ap kouri sou prezans Mikanò nan depatman Grandans.













