Garry Sanon, yon polisye ki fè pati inite UDMO nan Pòdepè, anba kòd nan kad yon dosye ki gen rapò ak vòlè kay plizyè sitwayen ayisyen k ap viv nan dyaspora. Polisye a te arete jedi 19 novanm 2026 la. Arestasyon sa a fèt nan kad yon dosye ki gen rapò ak plizyè ka vòlè kay sitwayen ayisyen k ap viv aletranje. Garry Sanon ta posede anviwon 9 kay, kèk ladan, li genyen yo nan sikonstans ki gen rapò ak itilizasyon fòs ak fo dokiman.
Se ankèt la ak otorite jidisyè yo k ap gen pou verifye enfòmasyon yo epi etabli responsablite li nan dosye sa a.













