Ansyen sekretè d Eta kominikasyon epi jounalis Eddy Jackson Alexis mouri vandredi 20 novanm 2026 la nan aswè. Selon enfòmasyon ki disponib yo, jounalis la mouri aprè yon malèz kadyak selon sa pwòch konfrè a fè konnen. Eddy Jackson Alexis te youn nan gran figi près la nan peyi d Ayiti.
Eddy Jackson Alexis te konn travay nan Televizyon Nasyonal d Ayiti.













