Yon jiri federal nan Miami deklare Christian Emmanuel Sanon koupab nan konplo ki te rive lakoz asasina Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren 7 jiyè 2021. Nonm 68 lane sa a koupab pou tout chèf akizasyon yo. Jij Jacqueline Becerra ap gen pou pwononse santans Sanon nan jou k ap 10 fevriye 2027 la a 10è nan maten. Avoka Sanon yo ki etone wè vèdik ki sòti a anonse yo pral fè apèl dezisyon an.
N ap raple malgre tout monte desann sa yo, Sanon te toujou konn ap di devan tribinal la li pa koupab nan dosye asasina a, li di se manipile yo manipile l.













