Plizyè milye sitwayen pran lari nan Pòtoprens, madi 17 novanm 2026 la, pou manifeste kont gang ame yo epi eksprime sipò yo pou prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, nan batay kont ensekirite. Pandan manifestasyon an, patisipan yo t ap rele byen fò Viv Bukele ! Bay yo dwòn pou mande otorite yo ranfòse operasyon kont gwoup kriminèl yo, sitou atravè itilizasyon dròn pou konbat gang ame k ap simen laterè nan plizyè zòn nan peyi a.
Mobilizasyon sa a montre volonte manifestan yo pou wè yon repons pi fèm devan kriz sekirite peyi a ap travèse a.













