Otorite imigrasyon Dominikèn yo remèt TikTokèz ayisyèn Paulette Jean, piblik la konnen sou non Djouly Jean, bay ajan Polis Fwontalye yo lendi 16 novanm 2026 la sou fontyè ayisyano-dominikèn nan nan Wanament. Remiz enfliyansèz la fèt twa jou aprè li te travèse fwontyè a, vandredi 13 novanm 2026 la. Sa te rive anviwon 24 èdtan apre otorite amerikèn yo te depòte li ann Ayiti, jedi 12 novanm 2026 la.
Djouly depòte sot Ozetazini pou dezòd, l al tonbe nan yon lòt kawo ankò an Repiblik Dominikèn.













