Lapolis Nasyonal d Ayiti anonse arestasyon Luckner Norvelus, alyas Nenel, nan depatman Nip. Daprè enfòmasyon Direksyon Kominikasyon Polis la pibliye, fòs lòd yo mete men sou li nan komin Miragwà n, dimanch 15 novanm 2026 la. Misye te deja sove nan prizon aprè li te fin kondane pou plizyè ane. Daprè menm sous la, Luckner Norvelus te kondane nan dat 5 me 2015.
Sepandan, li te rive chape kite prizon an nan dat 22 oktòb 2016. Aprè li te fin sove, li ta rejwenn gwoup kriminèl 400 Mawozo a, Daprè enfòmasyon lapolis bay yo.













