Konsèy Inyon Ewopeyen an anonse, lendi 16 novanm 2026 la, sanksyon kont 4 gwoup kriminèl ame k ap opere ann Ayiti. Gwoup ki konsène yo se 5 Segond, Gran Ravin, Kraze Baryè ak 400 Mawozo. Òganizasyon sa yo akize dèske yo enplike nan plizyè zak grav ki vyole dwa moun nan peyi a. Daprè otorite Ewopeyen yo, gwoup sa yo responsab plizyè zak kriminèl, tankou asasina, vyòl, kidnapin ak vyolans sou timoun. Yo akize yo tou dèske yo atake enfrastrikti sanitè epi anpeche èd imanitè rive jwenn popilasyon ki nan bezwen.
Sanksyon yo konsène kèk nan responsab gang sa yo tou, pami yo Renel Destina, alyas Ti Lapli, prezime chèf gang Gran Ravin nan. Mezi sa yo prevwa bloke byen ak lajan moun ak òganizasyon ki konsène yo genyen.













