Christian Emmanuel Sanon konfime, pandan temwayaj li nan kad pwosè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la Ozetazini, li te rankontre Mèt Caleb Jean-Baptiste. Rankont sa a te fèt pami plizyè lòt kontak li te genyen ak diferan lidè nan peyi Ayiti. Daprè deklarasyon Sanon yo, Mèt Caleb Jean-Baptiste te prezante kòm avoka opozisyon an, men tou kòm yon pèsonalite ki te kapab mobilize anpil moun epi fè gwo ajitasyon sou teren politik la.
Temwayaj sa a mete limyè sou kèk nan kontak Sanon te genyen ak aktè politik ayisyen yo nan peryòd ki te mennen nan asasina Jovenel Moïse la.













