Yon deklarasyon madanm Pastè Armel La Fleur fè nan yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo ap fè anpil pale. Dapre sa li deklare a, se paske mari l, Pastè Armel La Fleur, t ap monte nan syèl la ki fè avyon pa t ka vole, kominikasyon te gen pwoblèm epi plizyè bagay te bloke vandredi 13 novanm 2026 la. Nan deklarasyon li an, li fè konprann te gen yon otorite ki t ap monte nan syèl la, pandan li mete pwoblèm ki te afekte avyon ak kominikasyon nan menm jounen an sou kont evènman espirityèl sa a.
Pawòl sa yo deja ap sikile anpil sou rezo sosyal yo, kote yo atire atansyon ak divès reyaksyon nan men moun k ap gade videyo a.













