Teworis Savyen yo masakre plizyè moun nan zòn Mòn Wobè, nan depatman Latibonit, pandan yon atak vyolan ki lakòz gwo dega nan lokalite a. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, atak la lage popilasyon an nan gwo laperèz, pandan plizyè moun ta viktim anba men kriminèl ki kontinye simen latwoublay nan mitan popilasyon sivil la. Pandan gen moun Ayiti ak aletranje k ap defann Viv Ansanm, yo kontinye ap pwouve vrè plas yo se nan simetyè ak nan prizon.
Pou kounye a, poko gen okenn bilan ofisyèl ki presize kantite moun ki mouri, moun ki blese oswa anplitid egzak dega yo.













