Temwayaj ansyen chèf kòmando kolonbyen an, German Rivera, nan kad pwosè sou asasina Jovenel Moïse la, mete Dimitri Hérard nan mitan moun ki te gen kontak ak ekip ki te enplike nan konplo a. Daprè Rivera, Dimitri Hérard te kontakte ekip majistra Wendell Coq Thélot pou l te fè pati gwoup moun ki t ap prepare konplo pou asasinen ansyen prezidan an.
Temwayaj sa a pote yon lòt eleman sou kontak ki te genyen ant diferan aktè nan preparasyon asasina 7 jiyè 2021 an.













