Dapre yon ankèt Miami Herald, yon operasyon konjwen ki enplike Task Force la, Polis Nasyonal d Ayiti ak sòlda salvadoryen te detwi, nan maten dimanch 8 novanm nan, yon kay ki asosye ak Wilson Joseph, alyas « Lanmò san jou », chèf gang 400 Mawozo a. Dapre plizyè sous jounal la site, operasyon an te fèt anviwon 2è 30 nan maten, avèk itilizasyon dwón eksplozif ak sipò kat elikoptè. Wilson Joseph pa t nan kay la nan moman frap la. Plizyè mesye ame ki te anndan pwopriyete a ta mouri; kantite a ta ka rive jiska 20, dapre sous yo.
Atik la mete aksan tou sou nesesite pou ranfòse kowòdinasyon ant fòs ayisyen yo, Task Force la ak kontenjan salvadoryen an. Sekretè Deta ameriken Marco Rubio avèti sou risk konfizyon ant inite yo, ki ta ka mennen nan echanj kout zam ant fòs alye yo.















