Pandan plizyè katye nan Okap ap fè fas ak yon pwoblèm salte ki pèsistan, otorite yo chwazi mete resous nan òganizasyon premye Fwa Dyaspora a, 6 ak 7 novanm 2026 la. Yon desizyon ki soulve kesyon sou fason Leta ak responsab lokal yo defini priyorite yo, pandan fatra, labou ak dlo sal kontinye anvayi espas piblik yo. Soti nan Ri 5 sou boulva a rive nan kafou ayewopò a, sitiyasyon an rete mangonmen. Plizyè espas nan vil la ap sibi konsekans move jesyon fatra ak mank aksyon sanitè, san popilasyon an pa wè yon solisyon dirab.
Fwa a, ki pote tèm Dyaspora ak Kilti ansanm pou Ayiti, se yon inisyativ MHAVE, an kolaborasyon ak Ministè Touris, Ministè Kilti ak Kominikasyon ansanm ak FNE, avèk sipò Meri













