Prezidan Bukele mande pou kay Lanmò San Jou, pandan l ap reyaji sou yon piblikasyon ki montre Palè Nasyonal la ki rete kraze depi tranblemanntè 2010 la ak yon kay gang ki parèt byen konstwi. Nan yon mesaj li pibliye sou kont X li, Bukele mande kote kay la ye epi li ekri: “Ban nou adrès egzat la, n ap detwi l”. Pawòl prezidan salvadoryen an lanse a kapab relanse deba sou fason otorite ayisyèn yo ap jere kriz sekirite a, sitou nan moman plizyè enfrastrikti piblik rete nan yon move eta pandan gwoup ame yo kontinye ranfòse prezans yo nan plizyè zòn nan peyi a.
Nan diskou li ak volonte li genyen pou l poze aksyon, prezidan Bukele antre tout dirijan ayisyen yo tankou fo kòb.













