Komisè Jean Ernest Muscadin kite pakè Miragwàn nan finalman. Nan yon lèt Ministè Jistis pibliye, yo di komisè a yo jwenn lèt demisyon li an ki date 29 oktòb 2026 pandan ministè a pwofite remèsye l pou bon travay li founi nan jiridiksyon li an. Komisè a demisyone pou l ka fasilite pwosesis enskripsyon li kòm kandida pou prezidan peyi d Ayiti.
Komisè Muscadin se yon gwo figi nan batay kont ensekirite a nan Sid peyi a, e teknik li a te pote rezilta menmsi gen moun ki pat konn dakò avè l.













