Prezans sòlda salvadoryen yo an Ayiti jwenn yon siy sipò nan vil Jeremi, kote plizyè santèn moun manifeste jodi vandredi 6 novanm 2026 la pou eksprime solidarite yo ak militè El Salvador yo. Kote yap fè plizyè deklarasyon tankou: Depiw pa lan lari ou se alye gang. Manifestan yo te pran lari nan vil la pou montre yo dakò ak deplwaman fòs salvadoryen yo nan peyi a, pandan Ayiti ap kontinye fè fas ak vyolans gang ame ak yon sitiyasyon sekirite ki rete difisil.
Se prèske tout peyi a ki kontan prezans militè salvadoryen yo ki deja lage gwo lapèrèz nan mitan gwoup teworis Viv Ansanm nan.













