Yon nouvo gwoup anviwon 88 Ayisyen retounen nan peyi a apre otorite ameriken yo te depòte yo jedi 5 novanm 2026 la. Biwo Nasyonal Migrasyon te resevwa yo nan Okap . Gwoup sa a reprezante onzyèm kontenjan moun otorite ameriken yo rapatriye nan peyi a. Daprè enfòmasyon yo, gwoup la gen 8 fi ak 80 gason, pami yo gen 2 moun ki gen andikap fizik se gras ak beki yo te deplase.
Lè yo rive, chak moun te resevwa yon asistans finansye 25 000 goud, ansanm ak manje, swen medikal, akonpayman sikososyal ak sèvis transpò.













