Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pran lapawòl ankò sou misyon k ap prepare pou konbat gang ame ann Ayiti, pandan li reponn ak kritik moun k ap mete aksan sou danje ak difikilte operasyon an kapab reprezante. Nan yon deklarasyon li fè, Bukele kritike analiz ki prezante gang an Ayiti yo kòm gwoup ki pi vyolan, ki pi byen ame e ki difisil pou kraze. Li fè konnen gen moun ki kwè misyon an ap echwe, paske plizyè tantativ ki te fèt deja pou retabli sekirite nan peyi a pa t bay rezilta yo t ap tann. « Nou p ap janm koute yo, e nou pral kòmanse kounye a », daprè deklarasyon prezidan Bukele.
Bukele mete aksan sou lafwa relijye moun ki enskri pou patisipe nan misyon an, li fè konnen yo konfye operasyon an nan men Bondye. Li akize gang ann Ayiti yo kòm gwoup satanik epi li fè referans ak sakrifis imen, pou fini, li site Detewonòm 28:7 nan Bib la













