Jij Roger Noelcius deklare Leta ayisyen te kontinye peye l pandan plis pase yon lane aprè li te kite peyi a, nan kontèks dosye manda arestasyon li te siyen kont ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Daprè temwayaj li devan yon tribinal federal nan Miami, Noelcius te rekonèt manda arestasyon li te siyen kont Jovenel Moïse la pa t legal, paske li pa t gen otorite pou pran yon desizyon konsa kont yon prezidan ki te toujou an fonksyon.
Revelasyon sou pèman li te kontinye resevwa nan men Leta montre gwo fay ki genyen nan fason otorite yo te jere sitiyasyon administratif ak finansye jij la apre li te kite Ayiti.













