Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé kite peyi d Ayiti ayè jedi 22 oktòb 2026 la san okenn nòt ofisyèl pa soti pou li ale nan peyi meriken. San konnen poukisa vwayaj sa a, alòske sa gen anviwon 2 semèn depil te sot Etazini, Alix Didier Fils-Aimé kontinye itilize lajan Leta a pou vwayaje san rezon valab. Dosye ki te ka jere nan telefòn oubyen pa vizyokonferans, mesye sa yo k ap gagote lajan nan tranzisyon manch long nan, se avyon yo pran pou y al chita ak bòs yo aletranje. Kisa vwayaj Alix Didier Fils-Aimé yo pote anplis pou peyi a?
Pe gen okenn dirijan ki serye e onèt pou peyi l ta nan kriz sa a epi pou se avyon l ap monte tout jounen.













