Anviwon 77 sitwayen ayisyen rive nan Ayewopò Entènasyonal Okap la jedi 22 oktòb 2026 la, aprè gouvènman ameriken an te depòte yo. Pami yo gen 7 fanm daprè enfòmasyon ki disponib yo. Pami moun sa yo genyen Ayisyen ki te antre Ozetazini atravè pwogram imanitè administrasyon ansyen prezidan Joe Biden lan, ansanm ak lòt ki te benefisye Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
Vòl sa a antre nan kad depòtasyon sitwayen ayisyen ki t ap viv Ozetazini yo. Sepandan, detay sou idantite moun ki te sou vòl la ak estati imigrasyon chak nan yo poko jwenn konfimasyon endepandan.













