Seleksyon nasyonal ayisyen an ap finalman ap jwe match ale li kont Etazini nan kad Lig Nasyon CONCACAF la, 14 novanm 2026, nan vil Miami, nan eta Florid, Ozetazini. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, Federasyon Ayisyen Foutbòl la (FHF) te fè demach bò kote CONCACAF pou jwenn otorizasyon pou òganize rankont sa a nan Miami. Demach sa a ta jwenn yon repons favorab, sa ki pèmèt match la ap dewoule nan vil Florid la.
Rankont sa a ap mete Grenadye yo fas ak seleksyon ameriken an nan yon konpetisyon ofisyèl CONCACAF. Match la ap reprezante yon nouvo okazyon pou seleksyon ayisyen an mezire fòs li ak youn nan ekip ki pi enpòtan nan zòn Amerik di Nò a.













