Gwoup gang Savyen an atake sant vil Ti Rivyè Latibonit la byen bonè nan maten lendi 19 oktòb 2026 la, daprè temwayaj kèk rezidan. Daprè premye eleman enfòmasyon yo, gang yo ta pran kontwòl plizyè zòn, pami yo Mòn Fò ak Krèt-a-Pyèwo. Atak sa a fèt nan yon kontèks kote vyolans gang yo ap ogmante nan depatman Latibonit la, ak masak, destriksyon jaden ak kay yo mete dife ladan yo. Malgre plizyè avètisman ki deja voye bay otorite yo, ansanm ak rapò Nasyonzini ak òganizasyon k ap defann dwa moun, popilasyon an kontinye ap viv anba menas gwoup ame yo.
Pou kounye a, pa gen ase enfòmasyon verifye sou bilan viktim ak dega materyèl atak la ta lakòz.













