Lame peyi Salvadò konfime 4 militè li yo ki deplwaye an Ayiti disparèt aprè yon anbiskad yon gwoup kriminèl ame te lanse sou yo. Pandan operasyon pou chèche militè yo, plizyè elikoptè militè resevwa bal tou. Nan yon kominike ki pibliye byen bonè lendi 19 oktòb 2026 la, Lame Salvadò fè konnen 4 militè sa yo fè pati Task Fòs libète II. Yo te nan yon machin blennde epi yo t ap retounen nan baz yo lè gwoup ame yo atake yo ak zam ak materyèl eksplozif. Daprè otorite militè salvadoryen yo, machin blennde a te eksploze pandan atak la, men 4 militè yo te rive soti ladan l. Depi lè sa a, yo pa rive retabli kontak avèk yo, sa ki deklanche operasyon rechèch pou lokalize yo.
Apre anbiskad la, Lame Salvadò deplwaye plizyè elikoptè pou sipòte operasyon yo epi eseye repouse gwoup ame yo. Sepandan, elikoptè yo te pran plizyè katouch pandan entèvansyon an.













