Jiska 9è nan aswè dimanch 18 oktòb 2026 la, gen 5 sòlda salvadoryen ki fè pati Fòs Represyon Gang yo ki an difikilte nan Plèn nan selon enfòmasyon kèk sous nan Lapolis la pataje. Mesye sa yo te nan yon zo reken e yo te antre nan yon makèt, se la bandi ta pral sène yo. Malgre plizyè ranfò ki vini ak elikoptè k ap siyone nan tèt kote bandi yo ye a, poko gen detay sou kisa ki rive sòlda sa yo. Gen rimè k ap sikile pou di gen ladan yo ki mouri. Sitiyasyon an toujou rete trè chofe nan zòn Santo.
Gen anpil bandi ki tonbe pandan atak sa yo men nouvèl salvadoryen yo rete jiskaprezan ensèten.













