Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti rapòte ke ansyen senatè Youri Latortue te soutni gang Raboto ak Kokorat San Ras, sitou nan bay zam ak minisyon. Daprè rapò a, Kokorat San Ras se youn nan 3 gwoup ame ki te patisipe nan gwo atak ki te fèt nan Ba Latibonit ant 29 mas ak 3 avril 2026. Vyolans sa yo te lakòz omwen 95 moun mouri.
Rapò yo mete aksan sou lyen ki genyen ant aktè politik, ekonomik ak gwoup ame nan Latibonit, pandan yo site Youri Latortue pami moun yo akize dèske li te bay sipò materyèl ak finansye ak kèk gang.













