Otorite imigrasyon Bahamas yo rapatriye 79 sitwayen ayisyen nan yon vòl BahamasAir ki te kite peyi a mèkredi maten, daprè enfòmasyon Our News Bahamas pibliye. Daprè Chedville Adams, asistan direktè nan Bahamas Department of Immigration, kèk nan Ayisyen yo te arete oswa entèsepte sou plizyè zile nan peyi a. Gen lòt ki te depase peryòd yo te otorize pou rete a, pandan kèk lòt te prezante dokiman otorite yo konsidere kòm fo.
Operasyon an pa t konsène Ayisyen sèlman. 4 sitwayen Jamayiken, 2 Dominiken ak plizyè sitwayen Ekwatoryen te rapatriye tou.













