Prezidan Kolonbi a, Abelardo de la Espriella, bay minis li yo lòd pou mete asistans jiridik disponib pou militè kolonbyen ki nan prizon Ozetazini nan kad dosye asasina ansyen Prezidan Ayiti a, Jovenel Moïse. Chèf Leta kolonbyen an mande tou pou fanmi militè sa yo jwenn sipò finansye pandan pwosesis jidisyè a ap kontinye Ozetazini. Desizyon sa a konsène ansyen militè kolonbyen yo ki fè fas ak akizasyon Ozetazini pou patisipasyon yo nan operasyon ki te mennen nan asasina Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021.
Prezidan Abelardo de la Espriella deklare li pa yon prezidan k ap abandone sa li rele “Ewo peyi” a.













