Wilhelm Gaetjens, yon zanmi Dimitri Hérard, temwaye lendi 5 oktòb 2026 la devan tribinal federal Miami an, nan kad jijman Christian Emmanuel Sanon an. Daprè temwayaj li, kèk minit aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse la, Dimitri Hérard te mande l voye yon dròn anlè kay prezidan an pou li te kapab konnen sa ki pase a.
Pou yon dezyèm fwa, Gaetjens bay detay sa a devan lajistis, men fwa sa a li te temwaye fizikman devan tribinal federal Miami an.













