Malgre defèt li 2 gòl a 0 devan Kosta yèswa, seleksyon ayisyèn fini kanmenm 2e dèyè do Kiraso nan gwoup A a. Sa tou pèmèt li jwenn biyè pou kadefinal Lig Nasyon Concacaf yo. Grenadye yo gen randevou nan mwa novanm 2026 kote yo kapab jwe swa kont Etazini oubyen Meksik nan kadefinal sa a k ap jwe yo sou yon seri 2 match.
Nou kalifye paske n te wonfle dominiken yo. Malgre yo gen 9 pwen men nou genyen yo pou diferans gòl paske n te ba yo 4 a 1 lakay yo.













