Yon ansyen diplomat Ayiti an Repiblik Dominikèn ki pote nonJudith Exavier mande pou FHF la kanpe Wilson Isidor nan seleksyon an aprè deklarasyon l te fè kote l di “Hispaniola se Ayiti”. Madanm sa a ki di pawòl sa a te arete 7 desanm 2019 sou fwontyè Jimani pou trafik dwòg ak kòripsyon. Fanm sa a ki gen dosye kriminèl sou do l pran gwo risk lè l mande pou yo retire chouchou pèp ayisyen an nan seleksyon an.
Nan mwa janvye 2020, ansyen minis Zafè Etranjè Edmond Bocchit te revoke manzè pou menm dosye dwòg sa a lapolis Dominikèn te jwenn nan machin li.













