Yon gwo trajedi frape yon fanmi ki gen lyen ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), kote yon polisye ki fè pati CAT Team, yo idantifye sou non Louco, ta touye pwòp pitit li ansanm ak madanm li, anvan li ta mete fen nan pwòp lavi li. Selon enfòmasyon Jounalis Ergens rapòte madanm polisye a ta yon ajan BOID, yon lòt inite nan PNH. Ensidan an ta lakòz plizyè moun pèdi lavi yo nan menm fanmi an.
Pou kounye a, detay sou kote egzak krim nan fèt la, lè ensidan an pase, idantite konplè viktim yo ak sikonstans ki ta mennen nan trajedi a poko disponib nan sous nou genyen yo.













