Yon lòt vòl depòtasyon otorite imigrasyon ameriken yo pwograme pou rive nan Ayewopò Entènasyonal Okap jodi jedi 24 septanm 2026 la, ak moun otorite amerikèn yo depòte pou retounen an Ayiti. Daprè done ICE Flight Monitor, yon pwojè òganizasyon Human Rights First ki swiv mouvman vòl depòtasyon ICE yo, vòl konsa ap fèt regilyèman sou wout Ayiti depi mwa out.
Pwojè a esplike done li yo baze sou enfòmasyon aviyasyon ki disponib piblikman, ansanm ak lòt sous yo itilize pou verifye mouvman avyon yo.















