Yon militè Fòs Lame d Ayiti (FAd’H) akize dèske li ta touye ansyen mennaj li yè nan aswè madi 22 septanm 2026 la, anviwon 8è 30. Aprè ensidan an, militè a te pran lafwit anvan li remèt tèt li bay otorite militè yo. FAd’H anonse li pran desizyon pou mete militè a deyò nan fòs la imedyatman epi remèt li bay Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou swiv pwosedi jidisyè yo.
Pou kounye a, mobil ak sikonstans egzat lanmò a poko etabli.













