Prezidan Repiblik Dominikèn, Luis Abinader, deklare mèkredi 23 septanm 2026 la, devan Asanble Jeneral Nasyonzini an, pa gen yon solisyon dominiken pou kriz Ayiti a. Abinader fè konnen solisyon kriz Ayiti a dwe jwenn an Ayiti, pandan li mande kominote entènasyonal la pran plis aksyon pou ede peyi a soti nan kriz li ap travèse a. Abinader souliye Repiblik Dominikèn ap kontinye pwoteje fwontyè li epi aplike lwa migratwa peyi a. Li ankouraje kominote entènasyonal la ranfòse sipò li bay Ayiti, sitou nan domèn sekirite ak ranfòsman enstitisyon yo.
Deklarasyon sa yo fèt nan yon moman kote kriz sekirite ann Ayiti rete yon gwo dosye sou ajanda kominote entènasyonal la.















