Ajan imigrasyon ameriken yo arete 2 paran ayisyen, James Mervil ak Josselène Polidor, aprè yo fin depoze de timoun yo, ki gen 2 ak 5 an, lekòl nan San Diego. Aprè arestasyon an, James Mervil, papa timoun yo, te libere, men otorite yo mete yon braslè elektwonik nan pye li pou siveye mouvman li. Josselène Polidor, manman timoun yo, toujou nan detansyon ICE, pandan pwosedi imigrasyon li ap kontinye.
Arestasyon an te lakoz 2 timoun yo rete san prezans paran yo, pandan lekòl la ak lòt moun te oblije ede ak sitiyasyon yo.













