Wisteguens Jean Quely Charles, Ayisyen ki te vin viral Ozetazini aprè l te di «Fuck Trump, Biden for ever» epi li te deklare li pap retounen Ayiti, finalman depòte. Daprè DHS, ICE te depòte l 10 septanm 2026, aprè anviwon 19 mwa nan detansyon. Otorite amerikèn yo di Wisteguens te gen 17 kondanasyon kriminèl nan Massachusetts epi yo idantifye l tou kòm yon manm Back Block Money Gang. Sitwayen sa a te antre Ozetazini an 2013 epi li te benefisye Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
Daprè otorite amerikèn yo, TPS li te pran fen an 2022, anvan yon jij imigrasyon te bay yon lòd final pou depòtasyon li an novanm 2025.













