Fito Damour, yon ayisyen k ap viv nan peyi Kanada lanse platfòm Vòtpaw, yon inisyativ ki la pou sitwayen ayisyen kapab jwenn bon jan enfòmasyon sou dwa yo ak devwa yo. Se yon platfòm k ap bay enfòmasyon sou dwa ak devwa chak grenn ayisyen nan kat kwen mond lan. Anplis de sa, platfòm sa a ap pataje enfòmasyon sou eleksyon, sou wòl yon prezidan, yon palmantè ak yon premye minis. Sit sa a ki deja disponib sou entènèt la ap pataje enfòmasyon yo nan lang kreyòl ak fransè.
Nan moman elektoral la, responsab platfòm sa a fè konnen y ap ede tout moun jwenn bon jan detay sou zafè eleksyon an Ayiti.













