Plizyè Ayisyen ICE depòte ki rive Okap ap fè fas ak gwo difikilte, sitou pou jwenn kote pou yo rete ak mwayen pou yo retounen nan zòn kote yo soti. Daprè jounalis Love Mackendy Paul, kèk ladan yo ta menm oblije pase nwit yo nan lari. Malgre gouvènman ayisyen an bay chak depòte anviwon 10 000 goud kòm asistans, montan sa a parèt limite pou moun ki soti nan Lwès, Sid, Nip ak lòt depatman, ki bezwen peye transpò pou retounen lakay yo.
Yon sitiyasyon ki soulve gwo enkyetid sou pawòl gouvènman an konn ap klewonnen pou di yo pare pou akeyi depòte yo.













