11 jwen 2026, 11 septanm 2026, sa fè egzateman 3 mwa depi pwofesè James Boyard anba men zago loray yo. Pwofesè Boyard ap anseye nan inivèsite, li se espesyalis nan domèn sekirite pandan li t ap jwe wòl direktè kabinè minis defans peyi d Ayiti a, Mario Andresol. Teworis yo te kidnape l ak tout yon pitit fi l.
Kesyon k ap poze se poukisa pwofesè a fè tout tan sa a deyò pandan pa janm gen mouvman ki fèt pou yo libere l.













