Majistra Dajabón nan, Santiago Riverón, pwovoke anpil reyaksyon aprè yon deklarasyon li fè sou travayè ayisyen yo nan vil la. Pandan majistra a t ap patisipe nan emisyon «Panorama de la Mañana», li deklare: «Ayisyen la sèlman pou ranmase fatra», pandan li t ap pale sou travay migran ayisyen yo ap fè nan kominote a.
Deklarasyon sa a soulve kesyon sou fason kèk otorite dominiken konsidere kontribisyon travayè ayisyen yo, sitou nan sektè sèvis piblik ak travay ki gen rapò ak ranmasaj fatra.













