Sa poko gen 2 jou depi otorite Turks and Caicos te entèsepte yon bato ki te gen 207 migran abò. Jodi a, yo anonse yon lòt operasyon kote 93 lòt migran te entèsepte sou lanmè. Pandan ayisyen kontinye pran lanmè pou al chèche yon lavi miyò, otorite yo kontinye ranfòse kontwòl fwontyè maritim yo.
Tout 93 moun yo te mennen sou tè an sekirite pou yo pase anba pwosedi Border Force, pandan ankèt yo ap kontinye.













