Darlens Duclona alyas “Enspektè tèt kale”, nan vizè DCPJ aprè li menm ak Nice-B fin rache Mrs Sarha anba kout manchèt. Se Enspektè tèt kale sa a ki te gen manchèt nan men l ansanm ak Nice B pou wete lavi jenn fanm nan malgre tout siplikasyon li t ap fè nan pye yo. Popilasyon an plis wè sa kòm yon blag paske Lapolis konn ki kote atoufè yo ye selon anpil kòmantè.













