Sarah Khalifa, prezantatris televizyon, pwodiktè epi chèf antrepriz kondane amò nan peyi Lejip. Lajistis akize li menm ak 30 lòt moun k ap sanble sibstans pou fabrike dwòg sentetik. Yo sezi pliske 750 kilo dwòg lakay li ak ekipman epi machin yo te konn itilize san bliye 2 apatman ki te sèvi kòm laboratwa. A 39 lane, Sarah ak lòt 11 akize resevwa menm santans lan. Sarah ak ekip sa a te deja akize nan anlèvman ak agresyon yon jèn gason e yo te pran pèn 5 lane prizon.
Sarah Khalifa gen pliske 2.5 milyon k ap swiv li sou Instagram.













