Aprè l fin patisipe nan rache jenn fi nan baz 400 mawozo a, DCPJ pa pran tan pou lage avi rechèch dèyè Esther Thomas alyas Nice B. Motif avi rechèch la se asasina, tantativ asasina ak asosiyasyon malfèktè. N ap raple selon anpil moun, aprè krim san parèy sa a, Nice B te retounen al kache Sendomeng. Lapolis Nasyonal d Ayiti dwe kolabore ak Repiblik Dominikèn pou voye Nice B vin peye pou krim sa a.













